Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 17:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Jozafa, pitit Asa, moute wa nan plas papa l. Li ranfòse pozisyon l devan peyi Izrayèl la.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 17:1
12 Referans Kwoze  

Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi Josaphat te renye nan plas li.


Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.


Asa te fè Josaphat, e pa Josaphat, Joram. Pa Joram, Ozias;


Konsa, li te pran kouraj, e te rebati tout mi ki te kraze yo e te fè yo monte nan nivo tou li yo. Li te ranfòse lòt miray pa deyò pou te fè Millo lavil David la pi solid, e li te fè zam avèk boukliye defans an gran kantite.


Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”


Anplis, Amonit yo te peye taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil.


Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a.


Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.


Alò Josaphat, fis Asa a, te devni wa sou Juda nan Katriyèm ane Achab, wa Israël la.


Epi Jonathan, Fis a Saül la, te leve ale kote David nan Horès pou te ankouraje li nan Bondye.


Li te mete sòlda nan tout vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm ke papa li, Asa te kaptire yo.


Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite