Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 16:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 16:10
24 Referans Kwoze  

Di yo: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.”’”


Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin mete Jean nan prizon.


Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond la,


“Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te devore mwen. Li te kraze mwen. Li te depoze mwen tankou yon boutèy vid. Tankou yon dragon, li te vale mwen. Li te plen vant li ak bagay liks mwen yo. Li te lave mwen ale nèt.


“SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou mete li nan sèp ak nan kolye an fè.


Paschhur te fè yo bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a.


M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo, ki te di nanm ou: ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’. Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a; tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”


Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.


Paske li te oprime e abandone malere yo. Li te sezi yon kay ke li pa t bati.


Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an.


Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”


Anplis, li te mennen moun ki te ladann l deyò. Li te fè yo travay ak si, avèk pikwa, ak rach an fè, e te fè yo travay nan fou brik. Se konsa li te fè a tout vil ki te pou fis Ammon yo. Epi David avèk tout moun li yo te retounen Jérusalem.


Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.” Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.


David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li.


epi di li: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sa a nan prizon a e bay li tikras pen ak dlo sèlman kòm manje jiskaske mwen retounen san mal pa rive m.”’”


Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”


Alò, zèv Asa yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, veye byen, yo ekri nan Liv A Wa a Juda avèk Israël yo.


Lè wa Jojakim ak tout mesye pwisan pa li yo ak tout ofisye yo te tande pawòl li yo, alò, wa a te eseye mete l a lanmò. Men Urie te tande. Li te krent e li te sove ale rive an Égypte.


Ofisye yo te fache ak Jérémie. Yo te bat li e yo te anprizone li lakay Jonathan, grefye a, ke yo te sèvi pou prizon.


Alò, lè wa a te tande pawòl a nonm Bondye a, ke li te kriye kont lotèl Béthel la, Jéroboam te lonje men l soti nan lotèl la. Li te di: “Sezi li.” Men men ke li te lonje kont li an te vin sèch, jiskaske li pa t kab rale retounen l kote li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite