Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 14:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, SENYÈ a te boulvèse Etyopyen devan Asa yo ak devan Juda yo, e Etyopyen yo te sove ale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se konsa, Senyè a fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letyopi a. Lame Letyopi a kouri met deyò.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 14:12
17 Referans Kwoze  

Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda.


Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.


Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.


Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj. Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.


Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda.


Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.


“SENYÈ a va fè lènmi ki leve kont nou yo bat devan nou. Yo va vin parèt kont nou nan yon sèl direksyon, men y ap sove ale devan nou nan sèt direksyon.


Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.”


Depi lè a, yo te kòmanse chante ak bay louwanj, SENYÈ a te mete anbiskad kont fis a Ammon yo, Moab avèk Mòn Séir, ki te vini kont Juda yo epi yo te vin boulvèse.


avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo.


Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir?


Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza, kote lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.


Nan fen kat-san-trant ane yo, jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte.


Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.


Yo te pran tout twoupo bèt yo: senkant-mil chamo, de-san-senkant-mil mouton, de-mil bourik; epi san-mil òm.


Yo te fè sakrifis bay SENYÈ a nan jou sa a, sèt-san bèf avèk sèt-mil mouton soti nan piyaj ke yo te pote a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite