Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 14:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréschja a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Asa sòti ak lame pa l la al kontre avè l. De lame yo pran pozisyon nan fon Zefata a, toupre Marecha.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 14:10
14 Referans Kwoze  

Konsa, fis Israël yo te soumèt nan tan sa a, e fis Juda yo te pran viktwa a akoz yo te depan de SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.


Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”


Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan Maréscha.


Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo.


Men Wa Ézéchias avèk pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te fè lapriyè sou sa a, e te kriye fò anvè syèl la.


Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.


Yo te pliye e yo te tonbe, men nou te leve e nou te kanpe dwat.


Moman mwen yo nan men Ou. Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo, avèk sila ki pèsekite mwen yo.


Bay yo lakrent, O SENYÈ; fè nasyon yo konnen ke se sèlman lòm yo ye. Tan


“Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou.


Eltholad, Bethul, Horma


Konsa, Juda te ale avèk Siméon, frè li a, e yo te frape Kananeyen ki te rete Tsephath yo. Yo te detwi li nèt. Konsa, non a vil la te rele Horma.


Alò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.”


Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite