Alò, Asa te gen yon lame a twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj.
Epi Éliézer, fis a Dodava a nan Maréscha, te pwofetize kont Josaphat. Li te di: “Akoz ou te fè alyans avèk Achazia, SENYÈ a te detwi zèv ou yo.” Pou sa, bato yo te kraze, e yo pa t kab ale Tarsis.
Alò, li te sòti pou fè lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo.
David te rete nan dezè a nan fòterès yo e li te rete nan peyi ti mòn dezè Ziph la. Epi Saül te chache li chak jou. Men Bondye pa t livre li nan men li.
Epi Zifyen yo te vin monte kote Saül nan Guibea, e te di: “Èske David pa kache pami nou nan fòterès nan Horès yo, sou mòn a Hakila a, ki sou kote sid a Jeschimon an?