Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 11:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Jewoboram te chwazi prèt pa l pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 11:15
16 Referans Kwoze  

Pou sa, wa Jéroboam te konsilte, e li te fè de ti bèf an lò. Li te di a pèp la: “Se twòp pou nou ta monte Jérusalem. Men vwala, dye pa nou yo, O Israël, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la.”


Konsa, Jéroboam te fè kay sou wo plas yo e li te fè prèt yo soti pami moun ki pa t pami fis a Lévi yo.


Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo.


Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou te fè pou ou menm lòt dye avèk imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou—


“Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou.


Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.


Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan fè yon dye an lò pou yo menm.


Epi koulye a, yo peche plis toujou, e yo fè pou tèt yo imaj fonn an ajan, menm zidòl yo selon jan yo konprann. Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye. Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo ti bèf yo!”


Yo p ap fè sakrifis yo ankò bay kabrit a zidòl demon avèk sila yo fè jwèt pwostitisyon yo. Sa se yon règleman pou tout jenerasyon pa yo.”’”


Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo, a dye ke yo pa t janm konnen, dye nèf ki fenk parèt, ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent.


Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo,


Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite