Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Li di yo: — Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m reponn pèp la k'ap mande m pou m fè yon leve men pou yo?

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 10:9
6 Referans Kwoze  

Alò, Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”


Men li te echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l.


Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m!


Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou nou kapab reponn pèp sa a ki te pale avè m e te di: ‘Fè jouk ke papa ou te mete sou nou an vin pi lejè’?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite