Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 1:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Salomon, pitit wa David, chita otorite gouvènman li. Senyè Bondye li a te kanpe avèk li. Li te ba li anpil pouvwa.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 1:1
17 Referans Kwoze  

SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.


Epi Salomon te chita sou twòn David la, papa li e wayòm li an te etabli byen solid.


SENYÈ a te avèk Joseph, e li te byen reyisi. Li te lakay mèt li, Ejipsyen an.


Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè


Mwen te avèk ou tout kote ke ou te ale, e te koupe devan ou tout lènmi ou yo. Konsa, Mwen va fè yon non pou ou pare ak pi gwo moun sou latè yo.


Epi wa a te kòmande Benaja, fis a Jehojada a. Li te sòti deyò e li te tonbe sou li e li te mouri. Se konsa wayòm nan te etabli nan men a Salomon.


Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”


Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


avèk tout règn li, pouvwa li ak sikonstans ki te rive sou li yo, sou Israël ak sou tout wayòm a peyi yo.


Epi anpil moun t ap pote don bay SENYÈ a Jérusalem ak kado byen chwazi a Ézéchias, wa Juda a, jis apre, li te fin egzalte nan men a tout nasyon yo.


Alò mèt li a te wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l.


Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou.


Koulye a, fis mwen an, ke SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan.


Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”


Apre, Salomon te chita sou twòn SENYÈ a kon wa olye David, papa li. Li te byen reyisi, e tout Israël te obeyi a li menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite