Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 9:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou ministè sa a pou sen yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mwen pa wè rezon pou m voye di nou anyen sou kèsyon sekou n'ap voye bay manm pèp Bondye ki nan peyi Jide a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 An reyalite, li pa menm nesesè pou m ekri nou sou sijè èd sa a pou pèp Bondye a.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 9:1
18 Referans Kwoze  

Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.


Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen.


Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.


Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.


Kè m debòde avèk yon bèl sijè. Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a. Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.


Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.”


Nan bi bòn nouvèl la, yo menm se lènmi pou benefis pa nou. Men selon bi chwa Bondye a, yo se byeneme pou benefis a zansèt yo.


Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou:


Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime.


Men pou wa Juda a, ki te voye ou pou mande a SENYÈ a, konsa ou va pale ak li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘selon pawòl ke ou te tande yo:


Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.


“Alò, apre plizyè ane, mwen te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann m.


Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.


pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite