Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 6:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske Li di: “Nan tan akseptab la Mwen te koute nou, e nan jou sali a Mwen te ede nou”. Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, jou pou m'te kote ou la. Mwen te pote ou sekou, jou pou m'te pote ou sekou a. Men jou pou n'resevwa favè Bondye a rive. Se jodi a menm ki jou delivrans lan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Bondye di: “Nan pi bon moman an, mwen te tande w nan jou delivrans lan mwen te pote w sekou.” Ebyen, kounye a menm se moman favorab la. Kounye a menm se jou delivrans lan.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 6:2
10 Referans Kwoze  

Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ, nan yon lè ki bon, nan grandè lanmou dous Ou a. Reponn mwen avèk sali verite Ou a.


Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab, ke M te reponn Ou. Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou. Mwen va kenbe Ou e bay Ou kon yon akò pou pèp la, pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.


pou pwoklame lane gras SENYÈ a e jou a vanjans Bondye nou an; pou konsole tout moun ak kè ki tris,


“‘“Mwen te pase bò kote ou pou te wè ou e gade byen, ou te vin nan lè pou fè renmen. Alò konsa, mwen te lonje jip Mwen sou ou pou te kouvri toutouni ou an. Anplis, Mwen te sèmante a ou menm, e te antre nan yon akò avèk ou pou ou te vin pou Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.


Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.


Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”


Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.


Konsa, jan Lespri Sen an di a: “Jodi a, si nou tande vwa Li,


Li ankò fikse yon sèten jou, “Jodi a”, e sa te ankò di atravè David apre anpil tan menm jan ke Li te di avan an: “Jodi a, si nou tande vwa Li, pa andisi kè nou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite