Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 4:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Nan lavi m, se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Nou vivan, se vre, men se chak jou nou pase touprè lanmò poutèt Jezi. Se sa k fè li fasil pou moun wè lavi Jezi nan kò nou ki gen pou mouri.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 4:11
11 Referans Kwoze  

Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a, se konsa zo nou yo fin gaye nan bouch sejou mò a.


Men pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen. Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.


Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.


Jan sa ekri a: “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen. Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”


Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, mwen mouri chak jou.


Jis jan ke nou pote imaj a tèrès la, konsa osi nou va pote imaj a selès la.


Nou toujou ap pote nan kò la, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou.


Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan ou.


Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl.


kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite