Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 4:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Nou toujou ap pote nan kò la, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se konsa, kote m pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Se chak minit nou fè eksperyans lanmò Kris la nan pwòp kò nou. Konsa tou, se chak minit moun ka wè lavi Kris la nan nou.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 4:10
17 Referans Kwoze  

Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou.


Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou.


Alò si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li.


Jan sa ekri a: “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen. Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”


Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.


Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a,


Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.


Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an.


Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m mak a Jésus yo.


Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.


“Sa se yon vrè pawòl: Paske si nou te mouri avèk Li, nou va osi viv avèk Li.


Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa.


Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.


Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite