Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 nou pa bezwen mande si pouvwa ki parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi klere toujou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Pa gen okenn dout, glwa ministè Sentespri a ki bay lavi ap depase anpil glwa sa k te sou lalwa a.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 3:8
24 Referans Kwoze  

Lespri SENYÈ a va poze sou Li, lespri a sajès ak bon konprann, lespri a konsèy ak pwisans lan, lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.


Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf e vwa dlo sou tè ki sèch. Mwen va vide Lespri M sou ras ou e benediksyon sou desandan ou yo;


“Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”


Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.


Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.


Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?


Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.


Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète.


Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.


Men si zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese,


Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa?


Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.


Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a.


Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a.


Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a.


selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite