Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m poze konsa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Konsa, poutèt esperans nou genyen an sèten, nou pale avèk anpil asirans.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 3:12
21 Referans Kwoze  

Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.


Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.


Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.


Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap sèvi ak parabòl.


Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.


Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.


pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.


Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan!


Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale;


Sepandan, nan legliz la mwen pito pale senk mo avèk entèlijans mwen, pou m kapab enstwi lòt yo osi, olye di-mil mo an lang.


Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo.


Li t ap pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò.


Men Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.


“Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.


Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”


Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.


Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.


Konsa malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite