Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 12:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Si mwen te vle vante tèt mwen, mwen pa ta yon nonm fou non, paske mwen pa t'ap bay manti. Men, mwen refize vante tèt mwen. Mwen pa ta vle pou yon moun rive konprann mwen plis pase sa li te met nan tèt li mwen ye, lè l te wè sa m'ap fè, lè l tande sa m'ap di.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Si m te vle vante tèt mwen, mwen pa kwè m t ap pi fou pase sa, paske se verite sèlman mwen t ap di. Men m p ap di plis, paske mwen pa vle okenn moun panse m pi plis pase sa yo wè m ap fè oubyen sa yo tande m ap di.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 12:6
12 Referans Kwoze  

Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti.


Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.


Bondye e Papa a Senyè a Jésus Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti.


Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.


Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm.


Men jan Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm.


Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak.


M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an,


Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”


Paske si nan yon bagay mwen te fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite