Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 12:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan twazyèm syèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpòte jouk anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fè fèt, mwen pa ka di si l te moute tout bon nan kò l, osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.)

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Mwen konnen yon kretyen ki te monte jis nan twazyèm syèl. Èske se te nan kò li oubyen èske se san kò li? Mwen pa konnen, men Bondye konnen. Sa gentan gen 14 zan depi l pase.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 12:2
40 Referans Kwoze  

Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen.


Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!


Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.” Li te di: “Ou p ap voye yo.”


Louwe Li, pi wo syèl yo, ak dlo ki anwo syèl yo.


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo. Se konsa vizyon mwen te wè a, te kite mwen.


Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.


Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la.


“Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, rete avè M, epi Mwen menm avèk li.


yo te vin okouran de sa a, e te sove ale nan vil Lycaonie, Lystre, ak Derbe yo, ak tout rejyon ozanviwon an.


“Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te tonbe nan yon pwofon somèy.


Salye Apellès, ki apwouve nan Kris la; salye sila ki lakay Aristobule yo.


Salye Prisca ak Aquilas, ouvriyè yo nan travay mwen nan Jésus Kris,


Salye Andronicus ak Junias, paran mwen yo, e prizonye parèy mwen yo, ki byen remakab pami apot yo, e ki te nan Kris la avan m.


Salye Urbain, ouvriye parèy a nou nan Kris la ak Stachys, zanmi byeneme m nan.


Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a.


Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.


Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!


Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?


Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Mwen te toujou enkoni devan zye a legliz Judée ki te an Kris yo,


Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.


Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab akonpli tout bagay.


“Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann.


Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.


Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a.


Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou.


Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,


Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an.


La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite