Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 10:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan levanjil Kris la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Se sa k fè, mwen pat depase limit mwen lè m te rive lakay nou ak bòn nouvèl ki pale sou Kris la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Nou te ka tonbe nan kategori moun k ap vante tèt yo depase, si nou pa t deja vini lakay ou. Men nou se premye moun ki te rive Korent ak Bòn Nouvèl Kris la.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 10:14
17 Referans Kwoze  

selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.


Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la.


Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou.


Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la,


Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.


Alò, lè m te vini Troas pou levanjil a Kris la, e lè yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a,


Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a.


Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.


Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.


Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Fis Bondye a.


Selon gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a.


Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite