Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 10:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e jan li pale vrèman meprizab.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Gen moun ki di: Lè Pòl ekri nou, lèt li toujou gen pwa, yo toujou djanm. Men lè li nan mitan nou, li pa ka kase ze. Ata pale li pa ka pale.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Se vre gen moun ki di: “Lèt li yo egzijan, yo gen fòs, poutan lè l nan mitan nou an pèsòn, pawòl li yo fèb, epi yo pa vo anyen.”

Gade chapit la Kopi




2 Korent 10:10
13 Referans Kwoze  

Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”


Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”


Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.


Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo.


Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan!


Kite yon moun konsa konsidere sa; ke sa nou ye nan lèt nou yo lè nou absan, se menm moun nan ke nou ye nan aksyon lè nou la.


Paske mwen pa vle li sanble ke m ta entimide nou pa lèt mwen yo.


Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an.


Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.


Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite