Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Li toujou konsole nou chak fwa soufrans vin sou wout nou. Konsa, lè lòt moun ap soufri, nou konsole yo ak menm konsolasyon nou resevwa nan men Bondye a.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 1:4
24 Referans Kwoze  

Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


“Konsole, O konsole pèp Mwen an,” pale Bondye ou an.


Ou se kote ke m konn kache a. Ou pwoteje mwen kont gwo twoub. Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.


Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo,


“Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.


“Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen.


Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò.


Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.


Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo, paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li te rachte Jérusalem.


Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.


Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.


Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout.


Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden, e dezè yo tankou jaden Senyè a. Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; remèsiman ak son melodi chanson.


Montre m yon sign bonte Ou, pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.


Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.


Yo p ap grangou, ni soufri swaf, ni solèy ki brile p ap frape yo; Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo e va gide yo rive nan sous dlo yo.


Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.


Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite