Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 8:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Cheriben yo te lonje zèl pa yo anwo plas lach la e yo te sèvi kon yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo soti anwo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Zèl cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l yo.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 8:7
7 Referans Kwoze  

Li te plase cheriben yo nan mitan kay enteryè a. Zèl a cheriben yo te lonje tou louvri, jiskaske zèl a youn te touche mi an, e zèl a lòt cheriben an te touche lòt mi an. Konsa, zèl a chak nan yo te touche zèl a lòt la nan mitan kay la.


Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, anba zèl a cheriben yo.


Men poto yo te tèlman long ke pwent poto yo te vizib sèlman soti nan lye sen an devan sanktyè enteryè a. Men yo pa t kab wè pa deyò; epi yo la jis rive jodi a.


Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.


Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.


Yo va kouvri li avèk po dofen, ouvri sou li yon twal, koulè ble pi, e pase fè poto antre nan wondèl yo.


Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite