Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Wa 6:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Konsa, li te bati kay la e te fin fè l. Li te kouvri kay la avèk travès ak planch sèd.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Lè Salomon fin bati Tanp lan, li mete yon plafon fèt ak travès ak planch sèd.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 6:9
8 Referans Kwoze  

Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane.


Konsa, Salomon te bati kay la e te fini avèk li.


Pòtay chanm akote piba a te sou kote dwat a kay la. Epi yo te konn monte pa eskalye ki te fè won pou rive nan etaj mitan an e soti nan mitan an a nan twazyèm nan.


Li te bati anplis etaj ki te kont tout kay la, yo chak nan wotè a senk koude. Yo te tache nan kay la avèk bwa sèd.


Pilye kay nou se bwa sèd e travès yo se bwa pen.


Li te monte galeri a toutotou tabènak la ak lotèl la, e li te pandye vwal la pou pòtay galeri a. Konsa, Moïse te fin fè travay la.


Konsa, tout travay ke Wa Salomon te fè lakay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te fè antre tout bagay ki te dedye pa papa li, David—ajan avèk lò ak zouti yo—li te mete yo nan trezò a lakay SENYÈ a.


Alò, twa fwa pa ane, Salomon te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè sou lotèl ke li te bati bay SENYÈ a. Li te brile lansan sou yo, sou lotèl ki te devan SENYÈ a. Konsa, li te fini kay la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite