Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Wa 6:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Kay sa a ke w ap bati a, si ou va mache nan règleman Mwen yo, egzekite lòd Mwen yo, kenbe tout kòmandman Mwen yo e mache ladan yo, alò, mwen va fin konplete pawòl ke M te pale a David, papa ou a, avèk ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 — Lè w'a fin bati Tanp lan, si ou mache dapre lòd mwen, si ou fè sa m di ou fè, si ou kenbe tout kòmandman mwen yo, m'a fè pou ou tou sa mwen te pwomèt David, papa ou.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 6:12
16 Referans Kwoze  

Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan.


Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.


Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak temwayaj ke Mwen va enstwi yo, fis pa yo tou va chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”


Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”


“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo.


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, papa m, sa ke Ou te pwomèt li a lè Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo veye chemen yo, pou mache devan Mwen menm jan ke ou te mache a.’


“Ale e pale a sèvitè Mwen an, David: ‘Se konsa SENYÈ a pale, “Èske se ou menm ki ta dwe bati yon kay pou Mwen ta vin rete ladann?


Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Salomon e te di:


Li te kòmande li sou bagay sa a, ke li pa ta dwe ale apre lòt dye yo, men li pa t swiv sa ke SENYÈ a te kòmande a.


Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite