Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 6:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, li te vin rive nan kat-san-katreven ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan katriyèm ane règn Salomon sou Israël la, nan mwa Ziv la, sa se dezyèm mwa a, ke li te kòmanse bati lakay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè sa a te gen katsankatreven (480) lanne depi pèp Izrayèl la te sòti kite peyi Lejip, Salomon te gen katran depi li t'ap gouvènen pèp Izrayèl la. Nan mwa Ziv la, ki dezyèm mwa nan kalandriye jwif yo, Salomon mete men nan bati kay Senyè a.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 6:1
26 Referans Kwoze  

Selon kay ke Salomon te bati pou SENYÈ a, longè li te swasant koude, lajè li te ven koude e wotè li, trant koude.


Nan katriyèm ane a, nan mwa Ziv la, fondasyon kay SENYÈ a te fin poze.


Anplis, bay a fis mwen an, Salomon, yon kè entèg pou kenbe tout kòmandman Ou yo, temwayaj Ou yo ak règleman Ou yo, pou fè tout sa, pou bati tanp lan, pou sila mwen te fè pwovizyon an.”


Jochanan te vin papa a Azaria, ki te fè sèvis kon prèt nan kay ke Salomon te bati Jérusalem nan;


Alò, sila yo se fondasyon ke Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude.


Se konsa yo te reponn nou. Yo te di: “Nou se sèvitè a Bondye syèl la avèk tè a, e n ap rebati tanp ki te bati anpil ane pase yo, ke yon gran wa Israël te bati, e te fin acheve.


Li te bati sanktiyè Li tankou wotè mòn yo, tankou latè ke Li te etabli jis pou tout tan an.


Nan fen kat-san-trant ane yo, jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte.


Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.


Epi li te fè m rive kote chanm gran asanble tanp lan, e li te mezire pilye akote yo: sis koude nan lajè nan chak kote, se te lajè a pilye akote a.


Monte sou mòn yo, pote bwa pou rebati tanp lan pou M kapab pran plezi e jwenn glwa ladann,” pale SENYÈ a.


Sila ki lwen yo va vin bati nan tanp SENYÈ a.” Konsa ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen vè nou. Sa va vin rive si nou obeyi nèt SENYÈ a, Bondye nou an.


SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di:


“Lè L te fin detwi sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane.


Men se te Salomon ki te bati yon kay pou Li.


Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou?


Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”


Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.


Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.


Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Pandan Israël te rete Hesbon avèk bouk pa li yo, nan Aroër avèk bouk pa li yo ak nan vil ki arebò Arnon an, pandan twa-san ane, poukisa nou pa t rekouvri yo pandan tan sa a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite