Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Ou konnen ke David, papa m, pa t kapab bati yon kay pou non a SENYÈ a, akoz gè ki te antoure li yo, jiskaske SENYÈ a te mete yo anba pla pye li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 — Ou konnen ak lagè David, papa m, te genyen ak peyi ki toupre l yo, li pat kapab bati yon kay kote pou yo adore Senyè a, Bondye li a, toutotan Senyè a pat fè l kraze lènmi l yo anba pye l.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 5:3
17 Referans Kwoze  

Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm nan, li va bati kay la pou non Mwen.’


Men pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Ou gen tan vèse anpil san, e te fè gwo lagè sou latè. Ou pa p bati yon kay pou non mwen, akoz ou te vèse anpil san sou latè devan zye m.


Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li.


Men Bondye te di mwen: ‘Ou p ap bati yon kay pou non Mwen, akoz ou se yon nonm lagè, e ou te vèse san.’


manje sou tab li, aranjman pozisyon chèz sèvitè li yo, konpòtman avèk abiman ministè li yo, eskalye li a sou sila li te konn monte pou rive lakay SENYÈ a, sa te fè l pèdi souf.


Toujou te gen sou tab mwen san-senkant Jwif avèk chèf yo, anplis, sila ki te vin kote nou soti nan nasyon ki te antoure nou yo.


Alò, sa ki te prepare chak jou yo se te yon gwo bèf avèk sis mouton nan meyè kalite, zwazo ki te prepare pou mwen; epi yon fwa chak di jou, tout kalite diven an abondans. Men pou tout sa, mwen pa t mande nan taks prevwa pou gouvènè a, akoz chaj la te lou sou pèp sa a.


SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”


Ou fè li regne sou zèv men Ou yo. Ou te mete tout bagay anba pye li:


Nou va foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè,” pale SENYÈ dèzame yo.


Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li.


Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la,


Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn.


Lè yo te mennen wa sa yo sòti kote Josué, Josué te rele tout mesye Israël yo. Li te di a chèf gèrye yo ki te ale avèk l, “Vin mete pye nou sou kou a wa sa yo.” Epi yo te vini epou te mete pye yo sou kou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite