Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 21:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Achab te pale a Naboth e te di: “Ban mwen chan rezen ou an, pou m ka genyen li kòm yon jaden legim, paske li toupre lakay mwen e mwen va ba ou yon pi bon chan rezen pase l pou ranplase li. Si ou pito, mwen va ba ou pri li an lajan.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Yon jou, wa Akab di Nabòt konsa: — Ban m jaden rezen ou lan pou m ka fè yon jaden legim. Li toupre kay mwen. M'a ba ou yon lòt jaden rezen ki pi bon pase sa a. Osinon si ou pito, m'a ba ou yon bon pri pou li.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 21:2
18 Referans Kwoze  

Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.


Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.


Men Naboth te di a Achab: “Ke SENYÈ a ta anpeche m ba ou eritaj zansèt mwen yo.”


Konsa, li te di li: “Akoz mwen te pale Naboth, Jizreyelit la, e mwen te di li: ‘Ban mwen chan rezen ou an pou lajan; oswa, si li fè ou kontan, mwen va ba ou yon chan rezen pou ranplase li.’ Men li te di: ‘Mwen p ap ba ou chan rezen mwen an.’”


Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri.


Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.


Mwen te fè jaden ak bèl plas pou tèt mwen e mwen te plante ladann yo tout kalite pye fwi.


Ou menm se yon sous jaden, yon pwi dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.


“Men zye ou ak kè ou rete sèlman sou richès ki ranmase nan zak malonèt, nan vèse san inosan, nan opresyon ak vyolans.”


Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”


Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim.


Nou pa pou anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’”


Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon.


Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo.


Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo.


Men bagay la te degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.” Samuel te priye a SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite