Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Wa 21:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Lè Jézabel te tande ke Naboth te lapide e te mouri, Jézabel te di a Achab: “Leve, pran posesyon a chan rezen Naboth la, Jizreyelit la, ke li te refize ba ou pou lajan an; paske Naboth pa vivan, men li mouri.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Resevwa Jezabèl resevwa nouvèl lanmò Nabòt, l'al di Akab: — Leve non. Al pran jaden rezen Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, pou ou, jaden li te refize vann ou an. Nabòt pa nan moun isit ankò, li mouri.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 21:15
8 Referans Kwoze  

Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke Naboth, Jizreyelit la te gen yon chan rezen ki te nan Jizréel akote palè Achab, wa Samarie a.


Epi yo te voye kote Jézabel e te di: “Naboth te lapide e fin mouri.”


Lè Achab te tande ke Naboth te mouri, Achab te leve desann kote chan rezen a Naboth la, Jizreyelit la, pou l te pran posesyon li.


Jézabel, madanm li te di li: “Èske koulye a se ou ki renye sou Israël? Leve, manje pen e kite kè ou kontan. Mwen va ba ou chan rezen a Naboth, Jizreyelit la.”


Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.” Epi yo te prepare cha li a. Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la.


Ou gen pou frape lakay Achab, mèt ou a, pou Mwen kapab fè revandikasyon san a sèvitè mwen yo, pwofèt yo ak san a tout sèvitè SENYÈ yo, pa men Jézabel.


Paske yo manje pen a malveyan yo e bwè diven vyolans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite