Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Wa 15:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Men poutèt David, Senyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 15:4
26 Referans Kwoze  

Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an.


Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.


‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’”


La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt. Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.


Paske SENYÈ a va lime lanp mwen. Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.


(men li va gen yon tribi pou koz sèvitè Mwen an, David, ak pou koz Jérusalem, vil ke M te chwazi soti nan tout tribi Israël yo),


Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo.


Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon.


“Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”


Nan bi bòn nouvèl la, yo menm se lènmi pou benefis pa nou. Men selon bi chwa Bondye a, yo se byeneme pou benefis a zansèt yo.


Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”


“yon limyè revelasyon pou payen yo, epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”


Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li.


“Konsa pale SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li.


ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli e fè Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.


Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.


P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.


Men selon Sion, li va pale, “Sa a ak sila a fèt ladann.” Pi Wo a, Li menm, va etabli Sion.


Men Abischaï, fis a Tseruja a te ede li, li te frape Filisten an pou te touye li. Epi mesye David yo te fè ve a li e te di: “Wa David, ou p ap sòti avèk nou ankò nan batay la pou ou pa vin etenn lanp Israël la.”


Paske Li te renmen zansèt nou yo; pou sa, Li te chwazi desandan apre yo. Epi Li menm, pou kont Li, Li te mennen nou sòti an Égypte avèk gran pouvwa Li,


akoz Abraham te obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.”


Se konsa li rive ke lè Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te voye Lot deyò dega a, lè li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite