Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Wa 13:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Alò, lè pwofèt ki te mennen li retounen soti nan chemen an te tande sa, li te di: “Se nonm Bondye ki te dezobeyi lòd SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te bay li a lyon, ki te chire li e touye li selon pawòl ke SENYÈ a te pale li a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Lè pwofèt la tande sa, li di: — Se pwofèt ki te dezobeyi lòd Senyè a te ba li a. Konsa, Senyè a voye yon lyon atake l. Lyon an kraze l, li touye l jan Senyè a te di l l'ap fè l la.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 13:26
11 Referans Kwoze  

Koulye a, pou sa, nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’


Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”


Epi vwala, moun yo t ap pase kote l, e yo te wè kò a jete sou wout la ak lyon an ki te kanpe akote kò a. Konsa, yo te rive pale sa nan vil kote pwofèt granmoun nan te rete a.


Alò, li te pale avèk fis li yo e te di: “Sele bourik la pou mwen.” Epi yo te sele li.


Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN


Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!


Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.


Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.


Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri.


Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite