Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 13:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Dapre lòd Senyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesay sa a sou lotèl la: — Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Senyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 13:2
19 Referans Kwoze  

Paske bagay la, anverite, va rive ke li te kriye selon pawòl SENYÈ a kont lotèl la Béthel ak kont tout kay plas wo ki nan vil a Samarie yo.”


Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem.


Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo.


Koute O syèl yo e tande O latè; paske SENYÈ a pale: “Fis Mwen leve yo, men yo fè rebèl kont Mwen.


Gade byen, ansyen bagay yo te fin akonpli; koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo. Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”


ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”


“Kriye fò, ni pa rete! Leve vwa ou tankou yon twonpèt! Deklare a pèp Mwen transgresyon yo, e a lakay Jacob la, peche yo.


Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an.


O latè, latè, latè, tande pawòl SENYÈ a!


Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a.


Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo,


Mwen va fè ou detounen. Mwen va mete yon kwòk nan machwè ou, e Mwen va rale ou deyò ak tout lame ou a; cheval ak chevalye yo, yo tout byen abiye, yon gran twoup moun, boukliye ak pwotèj, tout k ap manyen nepe;


Men Li te reponn e te di: “Mwen di nou, si sila yo rete an silans, menm wòch yo va pran rele.”


“Prete zòrèy nou, O syèl yo; kite mwen pale. Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite