Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Wa 11:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pou sa, SENYÈ a te di a Salomon: “Akoz ou te fè sa e ou pa t kenbe akò Mwen, avèk règleman Mwen yo, ke M te kòmande ou pou fè yo, Mwen va, anverite, chire wayòm nan soti nan men ou e Mwen va bay li a sèvitè ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Senyè a di Salomon konsa: — Gade sa ou fè! Ou pa respekte kontra mwen te pase avè ou la, ou pa fè sa m te ba ou lòd fè. M'ap wete baton kòmandman an nan men ou, m'ap mete yonn nan chèf ou yo nan plas ou.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 11:11
16 Referans Kwoze  

Li te di a Jéroboam: “Pran pou ou menm dis mòso; paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen va chire wayòm nan sòti nan men Salomon, e ba ou dis tribi


Lè Li te fin chire Israël fè l sòti lakay David la, yo te fè Jéroboam, fis Nebath la, wa. Epi Jéroboam te bourade kondwi Israël pou l pa swiv SENYÈ a e li te fè yo fè yon gwo peche.


Li te vin rive ke lè tout Israël te tande ke Jéroboam te retounen, yo te voye rele li nan asanble a pou te fè li wa sou tout Israël. Okenn sof ke Juda te swiv lakay David.


Mwen, SENYÈ a te pale. Se vrèman sa Mwen va fè a tout kongregasyon mechan sila ki rasanble kont Mwen an. Nan dezè sa a, yo va vin detwi, e la yo va mouri.”


Pa gen youn nan yo k ap wè peyi ke M te sèmante a papa yo a, ni p ap gen nan sila ki te rejte M yo, k ap wè l.


Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo.


Alò, Jéroboam, fis a Nebath la, yon Efratyen nan Tseréda, yon sèvitè a Salomon, manman a sila ki te rele Tserua a, yon vèv, li osi te fè rebèl kont wa a.


Li te vin rive vè lè sa a, lè Jéroboam te kite Jérusalem, ke pwofèt la, Achija, te mete yon manto nèf sou li; epi yo de a te rankontre ansanm san lòt moun nan mitan chan an.


Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.


Yo pa t kenbe akò yo ak Bondye e te refize mache nan lalwa Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite