Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou pou mete ou sou twòn Israël la. Akoz SENYÈ a te renmen Israël pou tout tan, se pou sa Li te fè ou wa, pou fè lajistis avèk ladwati.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Lwanj pou Senyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 10:9
23 Referans Kwoze  

Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,


Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.


David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a.


Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.


Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.”


Paske pèp Ou a, Israël, Ou te fè pwòp pèp Ou a jis pou tout tan e Ou menm, O SENYÈ, te vin Bondye pa yo.


Huram, wa Tyr la, te reponn nan yon lèt voye bay Salomon: “Akoz SENYÈ a renmen pèp Li a, Li te fè ou wa sou yo.”


Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj. Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.


Li mete konfyans nan SENYÈ a. Kite Li menm delivre li. Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.


Li va jije pèp Ou a avèk ladwati, e aflije Ou yo, avèk jistis.


“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”, ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”; men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”. Paske SENYÈ a pran plezi nan ou e a Li menm, peyi ou va marye.


Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.


P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.


SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di: “Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini. Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.


“Mwen te renmen nou,” pale SENYÈ a. Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?” “Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen;


men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite