Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa, sèvitè li yo te di li: “Kite yo chache yon jenn fi vyèj pou wa a, mèt mwen an, e kite li okipe wa a pou devni enfimyè li. Epi kite li kouche nan sen li pou wa a, mèt mwen an, pou li kapab chofe kò li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Lè sa a, moun pa l yo di l: — Monwa, nou pral chache yon jenn fi ki tifi toujou pou rete avè ou, pou pran swen ou. L'a kouche kole avè ou pou chofe ou.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 1:2
11 Referans Kwoze  

Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”


men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li.


Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt.


Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout teritwa Israël la, yo te twouve Abischag, Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a.


Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”


Alò, asistan a wa a ki te sèvi li yo, te di: “Annou fè rechèch pou jwenn jenn vyèj ki byen bèl pou wa a.


Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe?


Pa fè konfyans ak yon vwazen. Pa fè konfyans ak yon zanmi. Ak fi la k ap kouche ak ou a, gade pòt bouch ou!


Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.


“Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen),


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite