Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Kounyeya, mwen pral ba ou yon konsèy si ou vle sove lavi ou ansanm ak lavi Salomon, pitit gason ou lan.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 1:12
14 Referans Kwoze  

Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”


Antre koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: “Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’


Otreman, li va vin rive ke depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”


Lè Athalie, manman Achazia te wè ke fis li a te mouri, li te leve detwi tout pitit a fanmi wayal yo.


Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou.


Alò lè Athalie, manman Achazia a, te wè ke fis li a te mouri, li te leve e te detwi tout pitit wa lakay Juda yo.


Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe; men ak anpil konseye, gen viktwa.


San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.


Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.


Lwil ak pafen fè kè kontan; se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.


Epi Jérémie te reponn a Sédécias: “Si mwen pale ou, anverite, ou p ap mete m a lanmò? Anplis, menm si m bay ou konsèy, ou p ap koute mwen.”


Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’


Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.”


Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite