Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Timote 6:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Di moun yo, se pou yo fè sa ki byen, se pou yo rich nan fè sa ki byen. Se pou yo pataje sa yo genyen bay lòt moun ak tout kè yo.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 6:18
38 Referans Kwoze  

Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.


Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?


si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.


Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.


Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


“Konsa se mesye la ki ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”


Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.


Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.


avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.


Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.


Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo, e mennen endijan yo antre nan kay? Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l; epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?


Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.


Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè.


Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.


Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?


Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.


Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl; epi pa bèl plan an, ap kanpe.


Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a.


Yo te antere li lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a.


Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon; kite li chache lapè e pouswiv li.


Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée.


sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.


Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.


Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”


Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite