Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Timote 5:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Pa resevwa yon akizasyon kont yon ansyen eksepte sou baz a de oswa twa temwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Pa kite pèsonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esèpte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Pa aksepte akizasyon moun ap pote kont yon ansyen. Fòk ta gen de ou twa temwen pou akize yon lidè.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 5:19
14 Referans Kwoze  

Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’


“Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè. Sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka.


Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. “Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.”


Kidonk, si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.


“Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.


Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen.


“Mwen te reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo.


“Menm nan lalwa pa w la Li te ekri ke temwayaj a de moun vrè.


Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.


Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?”


Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.


Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite