Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Lè konsa yo vin antò, paske yo pa kenbe premye pwomès yo te fè l la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Konsa, yo vin koupab nan renonse yo renonse ak premye pwomès yo te fè a.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 5:12
8 Referans Kwoze  

Israël te rejte sa ki bon; lènmi an va kouri dèyè l.


Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.


Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil;


Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye.


An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.


Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.


Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite