Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 4:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo. Sou lòt kote, disipline tèt ou pou vi sentete a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Men, wete lide ou sou istwa san sans ki pa dakò ak konfyans nan Bondye, ak sou radòt ki pa merite repete. Toujou chache mwayen pou ou sèvi Bondye pi byen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Men, voye jete vye istwa ki pa gen sans epi ki pa dakò avèk verite a ki nan Bondye. Okontrè, antrene tèt ou nan bagay k ap fè lwanj epi k ap fè Bondye plezi.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 4:7
20 Referans Kwoze  

Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.


ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.


Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo,


men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.


San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a: Sila ki Te revele nan lachè a, Te jistifye nan Lespri a Te wè pa zanj yo, Te pwoklame pami nasyon yo, Te resevwa kwayans mond lan, Te leve wo nan laglwa a.


Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.


Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.


O Timothée, gade byen sa ki konfye a ou menm nan, e evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan,


Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a,


diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.


Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.


Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.


Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.


k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li. Evite moun konsa yo.


Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.


pa nan prete atansyon a vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.


kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a;


Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.


Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite