Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Timote 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Se yon sèl Bondye ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò. Se Jezikri.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Paske se yon sèl Bondye ki genyen. Epi se yon sèl entèmedyè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se Jezikris, moun tankou tout moun.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 2:5
28 Referans Kwoze  

Alò yon medyatè pa pou yon sèl pati, tandiske Bondye se yon sèl.


malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.


Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.


Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.


“Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn!


epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.


E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.


Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.


Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo.


“E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.


Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.


yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.


Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.


Nanpwen moun ki pou fè antant antre nou, ki ta kab mete men l sou nou toulède.


“Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.


Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò.


Rejis a zansèt Jésus Kris yo, fis a David, fis a Abraham nan.


“Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”


konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David selon lachè,


Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la,


Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.


“Konsa, esklav la te di: “Mèt, sa ou te mande gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite