1 Timote 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a. Gade chapit la1998 Haïtienne4 Di yo pou yo wete lide yo sou vye lejann san sans, sou lis non zansèt byen long. Bagay sa yo lakòz yon bann vye diskisyon initil. Yo p'ap sèvi plan travay Bondye a jan nou konnen li an, gremesi lafwa a. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil4 Di yo pou yo sispann pèdi tan yo nan rakonte istwa pase ki pa menm gen sans, ak nan fè lis non gran gran paran yo, sa p ap itil yo anyen. Bagay sa yo se nan vye diskisyon y ap lage nou. Yo pa fè travay Bondye a avanse, yon travay ki fèt sèlman pa lafwa. Gade chapit la |