Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron. Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele: — Men yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la!

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 5:10
13 Referans Kwoze  

Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo, ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon. Mwen va tounen men mwen kont Ékron, epi retay a Filisten yo va peri,” di Senyè BONDYE a.


Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an si m ap geri de maladi sa a.”


Anplis, Juda te pran Gaza avèk teritwa ki te pou li a, ak Askalon avèk teritwa pa li a, ak Ékron avèk teritwa pa li a.


Ékron, avèk vil li yo ak bouk pa li yo;


soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo.


Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton yo te vin pete sou yo.


Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a.


Mwen te toujou avèk ou nenpòt kote ou te ale, e Mwen te retire lènmi ou yo soti devan ou. Konsa, Mwen va fè de ou yon gwo non, tankou non a gwo moun ki sou latè yo.


Lizyè a te kontinye rive akote Ékron vè nò. Epi lizyè a te koube rive nan Schicron, li te kontinye rive jis nan Mòn Baala, li te rive nan Jabneel, e li te fè bout nan lanmè a.


Alò, lach SENYÈ a te nan peyi Filisten yo pandan sèt mwa.


Mesye Israël yo avèk Juda yo te leve kriye fò e te kouri dèyè Filisten yo jis rive nan vale a, e jis nan pòtay Ékron. Epi Filisten mouri yo te kouche tout akote chemen an pou rive Schaaraïm, menm jis nan Gat avèk Ékron.


Zabad, fis li; Schutélach, fis li; Ézer avèk Élead ki mesye Gath ki te fèt nan peyi yo te touye, akoz yo te desann pou vòlè bèt yo.


Ale janbe kote Calné pou gade. Soti la rive Hamath Gran an, pou desann kote Gath de Filisten yo. Èske yo pi bon ke wayòm sila yo? Èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite