Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 4:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se konsa yo voye kèk moun lavil Silo. Yo pran Bwat Kontra Senyè ki gen tout pouvwa a, Senyè ki chita sou fòtèy li anwo zanj cheriben yo. Yo pote l vini. Tout de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te la ansanm ak Bwat Kontra a.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 4:4
18 Referans Kwoze  

Alò, gade byen, Tsadok te parèt tou, ansanm avèk tout Levit ki t ap pote lach akò Bondye a. Epi yo te poze lach Bondye a e Abithar te monte la jiskaske tout pèp la te fin kite vil la.


Li te leve pou te ale avèk tout moun ki te avèk li yo Baalé-Juda, pou fè monte soti la, lach Bondye ki rele pa Non an, vrè non dirèk SENYÈ dèzame yo ki enstale sou twòn anwo cheriben an.


Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a.


O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.


Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou. Vin bannou sekou!


SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble. Li plase twòn Li an anwo cheriben yo. Kite latè pran tranble!


“O SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li anwo cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou menm sèl, sou tout wayòm latè yo. Ou te fè syèl la ak latè a.


Men koulye a, chèche mande favè Bondye, pou Li kapab beni nou? Ak yon ofrann konsa, èske L ap aksepte okenn nan nou ak dousè? mande SENYÈ Dèzame yo.


Lè Aaron avèk fis li yo fin kouvri bagay sen yo avèk tout sa ki founi sanktyè yo, lè kan an prèt pou sòti, apre sa, fis Kehath yo va vini pou pote yo; men fòk yo pa touche bagay sen yo pou yo pa mouri. Sa yo se bagay nan Tant Asanble a ke fis Kehath yo va pote.


Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri lach temwayaj la avèk li.


Alò, lè Moïse te antre nan Tant Asanble a pou pale avèk Li, li te tande vwa la pale avèk li soti anwo twòn pwopiyatwa a ki te sou lach temwayaj la, ki sòti depi nan antre cheriben yo; e Li te pale avèk li.


Alò, lè li te fin sevre li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti.


Achija, fis a Achithub la, frè I-Kabod, fis a Phinées a, fis a Éli, sakrifikatè SENYÈ a nan Silo, te abiye avèk yon efòd. Epi pèp la pa t konnen ke Jonathan te ale.


Alò Éli te vin trè vye. Li te tande tout sa ke fis li yo t ap fè a tout Israël la ak jan yo te kouche avèk fanm ki te sèvi nan pòtay tant asanble a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite