Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen),

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Je Eli te fin bese. Li pa te menm ka wè. Yon jou aswè, Eli t'ap dòmi nan chanm li.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 3:2
8 Referans Kwoze  

Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo. Li te di li: “Fis mwen.” Ésaü te reponn li: “Men mwen.”


Alò, zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te bo yo e li te anbrase yo.


Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”


Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li.


Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.


nan jou ke gadyen kay la tranble a, e mesye pwisan yo vin koube a. Lè sa yo k ap moule a rete san travay akoz anpil nan yo ki manke, e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.


Alò Éli te vin trè vye. Li te tande tout sa ke fis li yo t ap fè a tout Israël la ak jan yo te kouche avèk fanm ki te sèvi nan pòtay tant asanble a.


Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, zye li te fikse epi li pa t kab wè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite