Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 26:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa li va tonbe nan batay e peri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Apre sa, David di: — Mwen fè sèman devan Senyè ki vivan an, se Senyè a menm ki pou touye l. L'a mouri lè lè pou l mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 26:10
23 Referans Kwoze  

Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte,


Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m.


Konsi fòs jou li yo avèk Ou, fòs mwa li yo avèk Ou. Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.


“Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè? Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?


Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt. Ou va chache avèk atansyon plas li, men li p ap egziste.


SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.


Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo. SENYÈ nou an va koupe retire yo.


Yon tan pou ne, yon tan pou mouri; yon tan pou plante, ak yon tan pou dechouke sa ki plante a.


Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?


Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.”


“‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon, nan lè pye yo va glise, Paske jou malè a yo toupre, E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’


Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.”


Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an,


Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.


Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou.


Pou sa, SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”


Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal.


Anviwon di jou pita, SENYÈ a te frape Nabal e li te mouri.


Lè David te tande ke Nabal te mouri, li te di: “Beni SENYÈ a, ki te plede kòz repwòch mwen nan men Nabal e ki te kenbe sèvitè li a pou l pa fè mal. SENYÈ a anplis, te fè malfezans a Nabal retounen sou pwòp tèt li.” Alò, David te voye ofri Abigaïl pou l ta pran li kòm madanm li.


Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.


Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite