Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 24:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 David pale ak mesye l yo pou yo wete lide konsa nan tèt yo. Li pa kite yo fè Sayil anyen. Sayil leve, li sòti nan gwòt la, li mache al fè wout li.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 24:7
10 Referans Kwoze  

Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,


si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen, oswa te piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,


Beni se sajès ou. Beni se ou menm ki te kenbe m jou sa a pou m pa vèse san, e fè vanjans mwen menm avèk pwòp men m.


Epi li te di a mesye pa li yo: “Se lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.”


Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.


Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?”


Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”


SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a.


Alò, David te di li: “Kijan sa ye ke ou pa t pè lonje men ou pou detwi onksyone a SENYÈ a?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite