Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 20:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 David reponn li: — Denmen se fèt lalin nouvèl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avèk pèmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswè.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 20:5
17 Referans Kwoze  

“Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”


Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la.


“‘Nan kòmansman a chak nan mwa nou yo, nou va prezante yon ofrann brile a SENYÈ a: de towo avèk yon belye, sèt jenn mal mouton, avèk laj 1 nan san defo,


Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan, sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.


Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba.


Alò, imedyatman frè yo te voye Paul deyò pou ale jis kote lanmè a, e Silas ak Timothée te rete la.


Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.


Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.


Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch. Konsa, mwen ta kab sipòte l. Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen. Konsa, mwen ta kab kache de li.


Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la.


Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’


Li te di, “Poukisa ou w ap al kote l jodi a? Lalin pa nèf, ni li pa Saba a.” Li te reponn: “L ap bon.”


Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.”


Alò, Jonathan te di li: “Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid


Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje.


Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?”


ka p di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini pou nou ka vann sereyal la? Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a? N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo. Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite