Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?” Epi fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.” Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem.
Li te vin rive nan lè pou fèmen pòtay yo lè l te fènwa, ke mesye yo sòti deyò. Men mwen pa konnen kote mesye yo te ale. Kouri dèyè yo byen vit! Konsa, ou ka gen tan pran yo.”
Epi Saül te voye mesaje yo pran David. Men lè yo te wè konpayi pwofèt yo ki t ap pwofetize ansanm avèk Samuel, ki te kanpe kòm dirijans sou yo, Lespri Bondye te vini sou mesaje Saül la, epi yo tou te pwofetize.