Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 19:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi lan. David te sove ale e te pran flit menm nwit sa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Sayil t'ap chache kloure David sou mi kay la ak fwenn lan, men David te eskive kò li, epi fwenn nan al antre plante nan miray la. David kouri chape poul li. Menm jou sa a, nan mitan lannwit,

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 19:10
20 Referans Kwoze  

Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò.


Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa.


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


Pou sa, yo t ap chache ankò pou kenbe L, men Li te evite men yo.


do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.


Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, pou lè Fis a Lòm nan vini.


Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm? Kisa pou M fè ak ou, O Juda? Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten, tankou farinay ki disparèt bonè.


Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.


Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo. Pèlen an fin kase e nou chape.


Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.


Li te delivre mwen nan men advèsè mwen byen fò; de sila yo ki te rayi mwen yo, paske yo te twò fò pou mwen.


Saül te koute vwa a Jonathan, e Saül te fè ve: “Jan SENYÈ a viv la, li p ap mete a lanmò.”


Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.


Paske pye yo kouri jwenn mal, e yo fè vit pou yo vèse san.


Nan jou aprè a, yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l.


Mechan an ap veye dwat la pou chache touye li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite