Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 18:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l tankou li te renmen tèt pa li.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 18:3
9 Referans Kwoze  

Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: ‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.


Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan.


Konsa, yo de a te fè yon akò devan SENYÈ a. Epi David te rete Horès pandan Jonathan te ale lakay li a.


Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.


Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.”


Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men Jonathan fis a Saül la te fè kè kontan anpil akoz David.


Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite