Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 18:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Se konsa y'al di David sa. David reponn yo: — Eske ou kwè se fasil pou moun marye ak pitit fi wa? Men se yon bagay ki twòp pou pye pòv malere tankou mwen.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 18:23
12 Referans Kwoze  

Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li.


Mande m tan kòm pèyman avèk kado, e mwen va bannou nenpòt sa nou mande mwen, men ban mwen fi a pou marye.”


Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.


Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi.


Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.


Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.


Men David te di a Saül: “Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”


Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’”


Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo.


Saül te reponn: “Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite