Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 17:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Men David te di Saül: “Sèvitè ou a t ap okipe mouton papa l. Lè yon lyon, oswa yon lous te vin pran yon jenn mouton nan bann mouton an,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 David di Sayil: — Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo,

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 17:34
18 Referans Kwoze  

Sa ki te chire pa bèt sovaj, èske m pa te pote yo bay ou? Mwen te fè pèt la pou kont mwen. Se konsa ou te egzije sa ki nan men m, sof ke sa ki vòlè nan lajounen, sof ke sa ki vòlè nan lannwit.


Anplis, Huschaï te di: “Ou konnen papa ou avèk mesye pa li yo se mesye plen kouraj e fewòs, tankou yon lous ki pèdi pitit li nan chan. Epi papa ou gen gwo eksperyans lagè e li p ap pase nwit lan avèk pèp la.


Alò, Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe.


Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye gwo kouraj nan Kabtseel, pwisan nan zèv li yo, te frape touye de fis a Ariël yo, Moabit la. Anplis, li te desann touye yon lyon anndan yon fòs nan yon jou ke lanèj t ap tonbe.


Mwen sonje ansyen jou yo. Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè. Mwen panse sou zèv men Ou yo.


Kon yon bèje konn pran swen bann mouton li nan jou ke li pami mouton ki gaye yo, konsa Mwen va pran swen mouton Mwen yo. Epi Mwen va delivre yo soti de tout peyi ke yo te gaye yo nan jou gwo nwaj ki te plen tristès la.


Konsa pale SENYÈ a: Menm jan bèje a rache de janm soti nan bouch lyon an, oswa yon mòso zòrèy, konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, alèz sou bèl mèb yo, ak kousen swa yo sou kabann nan, va vin chape.


Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo.


Mwen va retire san li, soti nan bouch li, ak abominasyon soti nan mitan dan l yo. Konsa, yo va devni osi yon retay pou Bondye nou an. Yo va tankou yon chèf pou Juda, e Ékron va tankou Jebizyen yo.


Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.


“Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.


E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans.


ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo.


Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.


Lespri SENYÈ a te vin monte byen fò sou li e li te chire li tankou yon moun ta chire yon jenn kabrit, malgre anyen pa t nan men li. Men li pa t pale ni papa l ni manman l sa li te fè a.


Men David te fè ale retou soti nan Saül pou okipe bann mouton papa li nan Bethléhem.


Epi Saül te di a David: “Ou pa kapab ale kont Filisten sila a. Ou pa plis ke yon jennonm e li menm, li te yon gèrye depi li te jenn.”


mwen te sòti dèyè li, mwen te atake li, mwen te fè l chape soti nan bouch li; epi lè l te leve kont mwen, mwen te sezi li pa bab li e te touye li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite